Sèvis Revni Entèn angaje l pou rann sitwèb li aksesib pou tout moun. Nou konsevwa sitwèb nou yo pou l satisfè oubyen depase kritè ki nan Seksyon 508 Lwa Reyabilitasyon an (an anglè) epi pou l konfòm ak Machaswiv pou Aksesibilite Kontni Web (WCAG) (an anglè), W3C Nivo A ak AA. Pa egzanp:

  • Imaj yo genyen yon tèks altènatif
  • Kontras koulè and plan avan ak plan fon an ase fò
  • Gen An-Tèt yo sèvi pou mete estrikti nan kontni an
  • Tèks pou lyen byen dekri
  • Gen tablo ki itilize pou ekspoze enfòmasyon kadriye epi pou ka gen An-tèt ki pwòp

Kisa Aksesibilite a

Seksyon 508 Lwa Reyabilitasyon an se yon lwa federal ki mande ajans Federal yo pou yo mete teknoloji ki aksesib menm pou moun ki gen andikap. Sa mande pou nou devlope, pwokire epi kenbe yon teknologi elektwonik, yon teknoloji enfòmasyon (EIT) pou l ka aksesib ak moun ki gen andikap, sa enkli tou menm pwòp anplwaye nou yo ak moun gwo piblik la tou.

Gid Itilizatè Aksesib

Gid Aksè pou IRS.gov (an anglè)
Gid itilizatè pou ede w gen aksè epi itilize kontni IRS.gov.

Gid Aksè pou Aplikasyon IRS (an anglè)
Gid itilizatè ak enfòmasyon pou ede w gen aksè epi itilize aplikasyon IRS yo.

Materyèl Akssesib

Pwodui pou Taks IRS Aksesib (an anglè)
Chwazi nan you lis fòm pou taks ki aksesib, enstriksyon epi Piblikasyon an gwo karaktè, epi nan fòma PDF konfòm ak Seksyon 508 la.

Videyo pou Lang Siy Soumyè Ameriken (ASL) (an anglè)
IRS kreye Yon lis videyo Youtoub ki gen tradiksyon pou Lang Siy Soumyè Ameriken (ASL).

Rapòte yon pwoblèm konsènan aksè 508

Si w rankontre nenpòt pwoblèm aksè oswa si w gen fidbak pou pataje, tanpri ranpli fòm ki anba a. Sonje pou w pa mete enfòmasyon pèsonèl (tankou nimewo telefòn oswa adrès imel).