Chanjman nan enfòmasyon pèsonèl ou ap afekte deklarasyon enpo ou. Ou dwe mete enfòmasyon ou yo ajou pou evite reta nan tretman deklarasyon enpo ak ranbousman yo.

Koman pou Chanje Adrès ou

Si adrès ou te chanje, ou bezwen notifye IRS la pou asire ou resevwa kèlkeswa ranbousman oswa korespondans IRS yo.

Pou plis enfòmasyon gade, Chanje adrès ou – Kijan pou notifye IRS (an anglè).

Mete Non ou Ajou

Yon chanjman non ka gen yon enpak sou enpo ou yo epi retade ranbousman ou an. Tout non ki sou deklarasyon enpo yon kontribyab dwe korensponn ak dosye Administrasyon Sekirite Sosyal yo.

Chèche konnen kijan pou mete non w ajou, gade Yon chanjman non afekte yon deklarasyon enpo (an anglè).

Otorizasyon Tyès

Ou ka bay yon tyès otorizasyon pou ede w ak zafè enpo federal. Tyès la kapab yon manm fanmi oswa yon zanmi, yon pwofesyonèl fiskal, avoka oswa biznis, selon otorizasyon an.

Aprann kijan pou bay yon lòt moun otorizasyon, gade Delegasyon Pouvwa ak Lòt Otorizasyon yo (an anglè).