Tout kontribyab gen yon seri dwa fondamantal yo dwe konnen lè yo an afè ak IRS. Eksplore dwa w ak obligasyon n pou pwoteje yo.

Dwa Enfòmasyon
Dwa Sèvis Kalite
Dwa pou n Pa Peye Plis Pase Montan Taks nou Dwe Peye
Dwa pou n Defye Pozisyon IRS epi Pou yo Tande Nou
Dwa pou n Konteste Desizyon IRS nan yon Fowòm Endepandan
Dwa Fèm Desizyon
Dwa Lavi Prive
Dwa Konfidansyalite
Dwa pou Pran Reprezantan
Dwa Jwi yon Sistèm Taks ki Jis epi San Patipri

Dwa Enfòmasyon

Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen kisa pou yo fè pou yo ka obsève lwa ki gen rapò ak taks yo. Yo gen dwa pou resevwa esplikasyon ki klè konsènan lwa ak pwosedi IRS suiv nan tout fòmilè taks yo, enstriksyon, piblikasyon, avi, ak lèt yo voye ba yo. Yo gen dwa pou yo konnen enfòmasyon sou desizyon IRS pran sou kont taks yo epi pou yo resevwa esplikasyon ki klè sou rezilta desizyon sa yo.

Aprann plis sou dwa w genyen pou w resevwa enfòmasyon.

Dwa Sèvis ki Gen Kalite

Kontribyab yo gen dwa pou yo resevwa asistans ki rapid, ki fèt ak respè, epi pwofèsyonèl lè yo an afè ak IRS, pou yo pale avèk yo nan yon fason ke yo konprann fasilman, pou yo ka resevwa kominikasyon ki klè epi fasil pou konprann nan men IRS, epi pou yo ka palè ak yon sipèvizè konsènan sèvis ki pa gen bon kalite.

Aprann plis sou dwa w genyen pou w jwenn Sèvis ki gen kalite.

Dwa pou Yo Pa Peye Plis Pase Kantite Lajan Taks Yo Dwe Egzakteman an

Kontribyab yo gen dwa pou yo peye sèlman kantite kòb taks yo dwe devan lalwa, tankou enterè ak amand, epi pou yo fè IRS aplike tout pèman taks kòm sa dwa.

Aprann plis sou dwa pou wo pa peye plis ase kantite lajan taks egzat ou dwe peye a.

Dwa pou w Defye Pozisyon IRS Pran epi Pou IRS Tande W

Kontribyab yo gen dwa pou yo fè objeksyon epi bay plis dokiman toujou lè yo ap reyaji kont yon aksyon fòmèl oswa pwopozisyon aksyon IRS fè, pou yo konnen se yon bagay nòmal pou IRS bay konsiderasyon a objeksyon yo fè atan ak dokiman yo bay yo san pèdi tan epi san patipri, epi pou yo resevwa yon repons si IRS pa dakò ak pozisyon pa yo a.

Konnen plis sou dwa pou w defye pozisyon IRS pran epi pou l tande w la.

Dwa pou W Konteste Desizyon IRS Pran nan Yon Fowòm Endepandan

Kontribyab yo gen dwa a kontestasyon administratif ki san patipri kont pifò desizyon IRS pran, tankou anpil amand, epi yo gen dwa pou resevwa yon repons ekri konsènan desizyon Office of Appeals (Biwo Apèl) la fè. Jeneralman kontribyab yo gen dwa pou yo antre nan pwose pou plede ka yo.

Apran plis sou dwa pou w konteste desizyon IRS pran an yon fowòm endepandan.

Dwa ak yon Fèm Konklizyon

Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen ki kantite maksimòm tan yo genyen pou yo konteste pozisyon IRS pran ansanm ak kantite maksimòm tan pou IRS fè odit yon ane taks presi oswa rekipere dèt taks yon moun dwe yo. Kontribyab yo gen dwa pou yon konnen kilè IRS fini ak yon odit.

Aprann plis sou dwa w genyen pou w jwenn sèvis ki gen kalite.

Dwa Lavi Prive W

Kontribyab yo gen dwa pou atann yo ke nenpòt demand pou enfòmasyon, verifikasyon, oswa mezi egzekisyon IRS ap fè ap fèt nan konfòmite ak lalwa epi sa pa p fouye plis pase nesesè, epi ap respekte tout dwa libète endividyèl moun genyen, tankou pwoteksyon kont fouy ak konfiskasyon, epi yo ap bay yo, lè sa aplikab, odyans pou respekte dwa endividyèl yo konsèman rekouvreman dèt.

Aprann plis sou dwa lavi prive w.

Dwa Konfidansyalite

Kontribyab yo gen dwa pou yo atann yo ke IRS pa p devwale okenn enfòmasyon yo bay IRS, sof si kontribyab la ba yo dwa pou yo fè sa osinon lalwa mande sa. Kontribyab yo gen dwa pou atann yo ke ap gen sanksyon ki apwopriye kont anplwaye, moun ki fè preparasyon pou ranbousman taks, ak lòt moun ki itilize ou devwale enjisteman enfòmasyon ki nan deklarasyon taks kontribyab la.

Aprann plis sou dwa konfidansyalite w.

Dwa Pou W Pran Yon Reprezantan

Kontribyab yo gen dwa pou resevwa sèvis yon reprezantan ofisyèl ke yo chwazi pou reprezante yo nan afè yon gen ak IRS. Kontribyab yo gen dwa pou resevwa asistans nan men yon Low Income Taxpayer Clinic (Klinik pou Kontribyab a Revni Fèb).

Apran plis sou dwa genyen pou w pran yon reprezantan.

Dwa Sistèm Taks Jis e San Patipri

Kontribyab yo gen dwa pou atann yo ke sistèm taks la pran an konsiderasyon detay ak sikonstans ki kapab afekte dèt priyoritè yo, kapasite pou yo peye, oswa kapasite pou yo bay enfòmasyon atan. Kontribyab yo gen dwa pou yo resevwa asistans nan men yon Taxpayer Advocate Service (Sèvis Defans pou Kontribyab) si yo nan sitiyasyon kote yo pa gen lajan oswa si IRS pa t rezoud pwoblèm taks yo korèkteman e alè pa mwayen nòmal yo.

Aprann plis sou dwa w genyen pou w benefisye yon sistèm taks ki jis epi san patipri a.