Barèm pou Fòm 1040 ak Fòm 1040-SR

Itilize Barèm A (Fòm 1040) pou chèche konnen montan dediksyon detaye ou. Nan pifò ka, taks sou revni federal ou ap pi piti si ou pran dediksyon ki pi gwo ant dediksyon detaye e dediksyon nòmal.

Konsènan Barèm B (Fòm 1040), Enterè ak Dividand Òdinè

Enfòmasyon konsènan Anèks C (Fòm 1040), Pwofi oswa Pèt nan Biznis, ki itilize pou deklare revni owsa pèt nan yon biznis k ap opere oswa pwofesyon k ap egzèse antanke yon pwopriyetè; tankou aktyalizasyon resan, fòmilè konèks, ak enstriksyon sou kijan pou ou deklare.

Enfòmasyon konsènan Barèm D (Fòm 1040), Valè Ajoute ou Pèdi sou Kapital, ak tout dènye revizyon, fòm ki lye, ak enstriksyon sou kijan pou soumèt li. Itilize Barèm D pou deklare vant, echanj oswa konvèsyon envolontè byen imobilize, deseri distribisyon valè ajoute, ak move dèt ki pa gen rapò ak biznis.

Enfòmasyon konsènan Barèm E (Fòm 1040), Revni ak Pèt Siplemantè, ak tout dènye revizyon, fòm ki lye, ak enstriksyon sou kijan pou soumèt li. Moun itilize Barèm E pou deklare revni ki soti nan pwopriyete lokatif, redevans, patenarya, sosyete S, patrimwàn, kontra fidisyè, ak enterè rezidyèl nan REMIC.

Information about Schedule J (Form 1040), Income Averaging for Farmers and Fishermen, including recent updates, related forms and instructions on how to file. Use Schedule J to figure your income tax by averaging all or part of your taxable income from your trade or business of farming or fishing.

Enfòmasyon konsènan Barèm SE (Fòm 1040), Taks sou Travay Endepandan, ak tout dènye revizyon, fòm ki lye, ak enstriksyon sou kijan pou soumèt li. Moun ki ap travay at tèt yo itilize Barèm SE (Fòm 1040) pou kalkile montan taks sou travay endepandan yo dwe sou pwofi yo fè.

Enfòmasyon konsènan Barèm 8812 (Fòm 1040), Kredi Fiskal Adisyonèl pou Timoun, ak tout dènye revizyon, fòm ki lye, ak enstriksyon sou kijan pou soumèt li. Itilize Barèm 8812 (Fòm 1040) pou kalkile kredi fiskal adisyonèl pou timoun Kredi fiskal adisyonèl pou timoun nan ka ba ou yon ranbousman kòb menm si ou pa dwe okenn taks.