IRS: Kounyeya kontribyab yo genyen plis opsyon pou yo korije ak amande deklarasyon yo pa vwa elektwonik

IR-2022-130, 23 Jen 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodiya gen plis fòm kounyeya ki kapab amande pa vwa elektwonik. Sa konsène moun k ap soumèt koreksyon nan Fòm 1040-NR, Deklarasyon Taks sou Revni Etranje ki pa Rezidan Ozetazini yo ak Fòm 1040-SS, Deklarasyon Taks pou Travay Endepandan (Tankou Kredi Taks Adisyonèl pou Timoun pou Rezidan Bòn Fwa Pòtoriko yo) ak Fòm 1040-PR, Deklarasyon Taks pou Travay Endepandan – Pòtoriko.

Komisè IRS la Chuck Rettig di: "Inisyativ sa soti lwen depi nan 2020 lè nou te premye lanse posiblite pou fè deklarasyon amande yo, se te yon etap enpòtan pou ede kontribyab yo ak kominote fiskal la". "Nouvèl fonksyonalite sa pral ede moun ki bezwen fè koreksyon yo pi plis toujou. Devlòpman sa pral ede IRS la avèk travay envantè li a sou reta tretman aktyèl deklarasyon amande yo. Sa se yon lòt zouti n ap itilize pou ede nou reprann ray nou."

Anplis, yon nouvo kazye elektwonik vinb ajoute pou Fòm 1040/1040-SR, 1040-NR ak 1040-SS/1040-PR yo pou endike lè gen yon deklarasyon ranplasan ap fèt pa vwa elektwonik. Yon deklarasyon ranplasan se yon deklarasyon yo soumèt apre premye deklarasyon an men yo soumèt anvan dat limit la, pwolongasyon tou ladan.

Kontribyab yo kapab amande deklarasyon yo tou pa vwa elektwonik si gen chanjman nan kondisyon fiskal yo oswa pou yo ajoute yon depandan yo te deja deklare sou yon lòt deklarasyon.

Anviwon 3 milyon Fòm 1040-X soumèt pa kontribyab yo chak ane. Kontribyab yo kapab toujou itilize zouti anliy Kote Deklarasyon Amande Mwen an? pou yo verifye nan ki pwen Fòm 1040-X yo te soumèt pa vwa elektwonik la ye.

Yo kapab toujou amande Fòm 1040 ak 1040-SR yo pou ane fiskal 2019, 2020 ak 2021 ansanm avèk Fòm 1040-NR amande a ak Fòm 1040-SS korije yo epi Fòm 1040-PR pou ane fiskal 2021.

Jeneralman, kontribyab yo ap toujou gen opsyon pou yo soumèt yon vèsyon papye Fòm 1040-X la epi yo ta dwe swiv enstriksyon pou prepare ak soumèt fòm papye a.

IRS la kontinye ap panche sou chan sa a, e yo prevwa plis amelyorasyon alavni.