Rediksyon Enterè

Se lalwa ki ekzije enterè yo, men IRS la ka redwi montan enterè ou dwe a si enterè a aplike akoz yon move erè sèlman oswa akoz reta pa yon ofisye oswa anplwaye IRS.

Kiyès ki Kalifye pou Rediksyon Enterè

Ou dwe ranpli 6 kritè annapre yo pou demann rediksyon enterè w la kalifye pou move erè oswa reta selon IRC 6404(e)(1) (an anglè):

  1. Depoze demann ou an 3 lane apre lè ou te premye deklare a oswa 2 lane apre dat pèman enpo a.
  2. Demann lan dwe pou rediksyon enterè pou ane fiskal ki kòmanse apre 31 desanm 1978. 
  3. Demann lan dwe konsène enterè sou enpo pou revni, imobilye, don ak yon seri enpo dasiz. Ou pa ka mande rediksyon enterè sou enpo travay.
  4. Rasire ou erè a oswa reta a rive apre nou te fin kontakte ou alekri apwopo yon ekzaminasyon, mank pèman, oswa pèman.
  5. Ni oumenm ni reprezantan w lan pat kontribye nan erè a oswa reta a.
  6. An rapò ak yon move erè oswa reta ki rive (yo idantifye sou yon baz ka-pa-ka) ki an relasyon avèk jan nou ekzekite aksyon ministeryèl oswa jesyon nou yo.

Aksyon Ministeryèl

Yon aksyon ministeryèl se yon aksyon pwosediral oswa mekanik ki pa enplike ekzèsis jijman oswa diskresyon, epi ki rive pandan tretman dosye yon kontribyab apre tout kondisyon nesesè pou aksyon an, tankou konferans yo ak ekzamen sipèvizè yo, fin tabli. Yon desizyon konsènan aplikasyon kòmadwa lwa sou enpo federal (oswa lòt lwa eta oswa federal) pa yon aksyon ministeryèl.

Ekzanp 1. Yon kontribyab demenaje nan yon lòt eta anvan IRS la te gentan chwazi deklarasyon kontribyab la pou etidye li. Yo ap voye yon lèt ki esplike ke yo te chwazi deklarasyon an pou etidye li nan ansyen adrès kontribyab la epi yap transfere lèt la nan nouvo adrès la. Kontribyab la ap reponn a tan pou mande pou yo transfere odit la nan yon biwo IRS lokal ki tou pre nouvo adrès li a. Responsab gwoup la pral apwouve demann nan a tan. Apre demann transfè a fin apwouve, transfè dosye a se yon ak ministeryèl. Komisè a kapab (nan tout diskresyon li) redwi nenpòt enterè sou reta derezonab ki te fèt nan transfè dosye a.

Ekzanp 2. Etid yon deklarasyon enpo sou revni yon kontribyab fè wè yon ensifizans ki pral lakòz yo soti yon avi ensifizans. Kontribyab la ak IRS la idantifye tout pwoblèm yo dakò ak sa yo pa dakò yo, yo ap prepare epi revize avi a (sa ap enkli si nesesè, revizyon avoka rejyonal la) epi tout lòt pre-reki enpòtan yo fin konplete. Emisyon yon avi defisyans se yon akt ministeryèl. Komisè a kapab (nan tout diskresyon li) redwi nenpòt enterè sou reta derezonab ki soti nan emisyon avi a.

Aksyon Jesyon

Yon aksyon jesyon se yon aksyon administrativ ki rive pandan tretman dosye yon kontribyab ki enplike pèt dosye pwovizwa oswa pèmanan oswa ekzèsis jijman oswa diskresyon ki an rapò ak jesyon pèsonèl la. Yon desizyon konsènan aplikasyon kòmadwa lwa sou enpo federal (oswa lòt lwa eta oswa federal) pa yon aksyon jesyon.

Ekzanp 3. Yo voye yon ajan fiskal nan yon kou fòmasyon pou yon peryòd tan ki pwolonje, epi sipèvizè ajan an deside pa remèt ajan an dosye li yo. Pandan kou fòmasyon an, pa gen okenn travay ki fèt nan dosye yo ki te nan men ajan an. Desizyon pou voye ajan fiskal la nan kou fòmasyon an ak desizyon pou pa remèt ajan an dosye yo, pa yon akt ministeryèl; sepandan, tou de (2) desizyon yo se yon akt jesyon. Komisyonè a ka (nan tout diskresyon li) diminye enterè sou nenpòt reta derezonab ki soti nan desizyon sa yo.

Ekzanpe 4. Yon ajan fiskal fini ak etid deklarasyon enpo sou revni yon kontribyab. Genyen pwoblèm ke IRS la ak kontribyab la pat arive antann yo sou yo, Anvan yo prepare epi revize avi ensifizans lan, yon anplwaye biwo pèdi dosye kontribyab la paske li mal plase li. Aksyon mal plase yon dosye se yon akt jesyon.  Komisyonè a ka (nan tout diskresyon li) diminye enterè sou nenpòt reta derezonab ki soti nan dosye sa ki mal plase.

Ekzanp 5. Yon kontribyab envesti nan yon abri fiskal epi deklare yon pèt nan abri fiskal la sou deklarasyon enpo sou revni kontribyab la. Pèsonèl IRS yo fè yon etid apwofondi sou abri fiskal la epi tretman dosye kontribiyab la pran reta akòz etid la. Desizyon pou retade pwosesis tretman dosye kontribiyab la jiskaske etid abri fiskal la fini an se yon desizyon sou fason pou òganize pwosesis tretman deklarasyon enpo yo. Sa se yon desizyon administrasyon jeneral. An konsekans, enterè sou reta sa ki te rezilta desizyon sa a, pa ka diminye.

Ekzanp 6. Pandan etid yon deklarasyon sou revni, gen dezakò ant ajan fiskal la ak kontribyab la konsènan kèk dediksyon detaye ke kontribyab la reklame nan deklarasyon li an. Pou rezoud pwoblèm nan, yo mande konsèy nan yon tan apwopriye nan men Biwo Avoka Anchèf la sou kesyon lwa sou dwa fiskal federal. Desizyon pou mande konsèy la se yon desizyon ki konsène bon aplikasyon lwa enpo federal; sa pa ni yon akt ministreryèl ni li pa yon akt jesyon, enterè sou reta sa ki te rezilta desizyon pou mande konsèy la, pa ka diminye.  

Remak: Yon desizyon administrativ jeneral, tankou desizyon IRS la sou kòman pou òganize tretman deklarasyon enpo yo oswa reta li nan mizannèv yon sistèm enfòmatik amelyore, pa yon aksyon jesyon.

Ki Kantite Enterè Nou Ka Redwi

Selon IRC 6404(e)(1) nou ka redwi sèlman montan enterè ki akimile pandan peryòd kote move erè a oswa reta a te rive a.

Ekzanp: Kontribyab la depoze yon deklarasyon enpo sou revni pou balans li dwe. Yon odit te lakoz gen yon obligasyon siplemantè (enpo ak penalite), epi te gen yon move erè (oswa reta) pandan odit la. IRS la t ap konsidere sèlman enterè k ap akimile sou obligasyon odit la (enpo ak penalite siplemantè) pou rediksyon akoz move erè (oswa reta) epi li p ap konsidere enterè sou premye obligasyon ki pat fin peye a.

Kòman pou fè Demann Rediksyon Enterè

Pou w mande pou nou redwi oswa retire enterè akoz yon move erè oswa reta IRS, oumenm oswa reprezantan w lan dwe soumèt:

Ou ta dwe mete tou yon deskripsyon detaye ak tout dokiman k ap pwouve sa. Di kilè ak kòman IRS la te lakoz reta oswa erè ki lakoz enterè a ogmante. Pou plis enfòmasyon, gade Enstriksyon pou Fòm 843 (an anglè)PDF.

Si ou pa dakò ak desizyon nou an konsènan demann rediksyon enterè w la, ou kapab konteste desizyon an (an anglè).

Lwa a