IRS ede kontribyab yo, l ap bay soulajman penalite pou prèske 5 milyon deklarasyon ane 2020 ak 2021; rekòmansman avi koleksyon an 2024 la montre poz pou pandemi an fini

IR-2023-244, Dec. 19, 2023

WASHINGTON — Nan yon gwo efò pou ede kontribyab ki dwe enpo pou ane anvan yo, Sèvis Revni Entèn nan anonse jodia yon pwogram soulajman penalite pou 4,7 milyon moun, biznis, òganizasyon ki egzan enpo, yo pa t voye avi rapèl otomatik pou koleksyon ba yo pandan pandemi an.

IRS pral bay anviwon $1 milya nan soulajman penalite. Pifò nan moun k ap resevwa soulajman penalite a fè mwens pase $400 000 pa ane.

Akòz efè san parèy pandemi COVID-19 la, IRS te sispann tanporèman poste rapèl otomatik pou peye bòdwo enpo ki anreta yo kòmanse nan mwa fevriye 2022. Nòmalman, rapèl sa yo t ap tankou yon swivi apre avi inisyal la. Malgre avi rapèl sa yo te sispann, penalite pou fay nan peman an kontinye akimile pou kontribyab ki pa t peye tout sa yo te dwe a an repons a avi inisyal pou balans yo dwe a.

Etandone sitiyasyon etranj sa a, IRS ap pran plizyè mezi davans pou rekòmanse avi koleksyon nòmal pou ane fiskal 2020 ak 2021 pou ede kontribyab yo ak bòdwo enpo ki poko peye yo, sa gen ladan l kèk moun ki pa resevwa yon avi nan men IRS pou plis pase yon ane.

Pou ede kontribyab yo pandan pwosesis nòmal yo rekòmanse, IRS pral voye yon lèt rapèl espesyal apati mwa pwochen. Lèt la pral fè kontribyab yo konnen konbyen kòb yo dwe, fason fasil pou yo peye ak kantite soulajman penalite a, si yo kalifye pou sa. IRS ankouraje kontribyab ki pa kapab peye tout balans yo dwe a pou vizite IRS.gov/payments pou yo fè aranjman pou rezoud bòdwo yo.

IRS ap pran dispozisyon tou pou anile penalite fay nan peman pou kontribyab ki kalifye yo ki afekte nan sitiyasyon sa a pou ane enpo 2020 ak 2021. IRS estime 5 milyon deklarasyon enpo – 4,7 milyon moun, biznis, konfyans, byen ak òganizasyon ki egzante pou enpo -- elijib pou soulajman penalite a. Sa reprezante $1 milya ekonomi pou kontribyab yo, oswa apeprè $206 pou chak deklarasyon.

Kòm premye etap, IRS te ajiste kont endividyèl ki elijib yo epi li pral kontinye ak ajisteman nan kont biznis yo nan fen desanm rive nan kòmansman mwa janvye, epi answit konfyans, byen ak òganizasyon ki egzante enpo nan fen fevriye rive nan kòmansman mwa mas 2024. Prèske 70 pousan nan kontribyab endividyèl k ap resevwa soulajman penalite gen revni ki mwens pase $100 000 pa ane.

IRS ap pibliye Avi 2024-7PDF (an anglè), ki eksplike kijan ajans lan ap bay soulajman penalite pou fay nan peman pou kontribyab ki kalifye yo pandemi COVID-19 la te afekte, pou ede yo respekte obligasyon enpo federal yo.

"Pandan IRS ap prepare pou retounen nan aktivite kourye koleksyon nòmal, nou te konsène pou kontribyab ki pa t tande nou nan yon peryòd tan epi toudenkou yo resevwa yon bòdwo enpo ki pi gwo. IRS ta dwe veye nan enterè kontribiyab yo, epi soulajman penalite sa a se yon apwòch ki fè sans pou ede moun ki nan sitiyasyon sa a," se sa Komisyonè IRS Danny Werfel te di. "N ap pran lòt etap pou ede kontribyab yo ak bòdwo ki depase dat limit yo, epi nou gen opsyon pou ede moun ki gen difikilte pou peye yo."

Soulajman penalite sa a otomatik. Kontribyab ki elijib yo pa bezwen pran okenn aksyon pou jwenn li. Kontribyab ki elijib ki deja peye tout balans yo ap benefisye soulajman an tou; si yon kontribyab te deja peye penalite pou fay nan peman ki gen rapò ak ane enpo 2020 ak 2021 yo, IRS pral bay yon ranbousman oswa kredite peman an kont yon lòt obligasyon enpo ki poko peye.

Soulajman penalite a aplike sèlman pou kontribyab ki elijib yo e ki gen enpo ki mwens pase $100 000. Kontribyab ki elijib yo enkli moun, biznis, konfyans, byen ak òganizasyon enpo egzante ki te ranpli sèten fòm 1040, 1120, 1041 ak 990-T deklarasyon enpo sou revni pou ane enpo 2020 oswa 2021, ak yon enpo ki mwens pase $100 000, nan pwosesis avi koleksyon IRS la -- oswa yo te resevwa yon premye avi pou montan ki dwe a ant 5 fevriye 2022 ak 7 desanm 2023. IRS presize limit $100 000 a aplike separeman pou chak deklarasyon ak chak antite. Penalite pou fay nan peman an pral rekòmanse 1ye avril 2024, pou kontribyab ki elijib pou soulajman yo.

Kontribyab ki pa kalifye pou soulajman otomatik sa a gen opsyon tou. Yo ka itilize pwosedi soulajman penalite ki egziste déjà yo, tankou aplike pou soulajman dapre kritè kòz rezonab oswa pwogram Diminye pou Premye-Fwa (First-Time Abate) la. Vizite IRS.gov/penaltyrelief pou plis detay.

Si soulajman otomatik la bay yon ranbousman oswa yon kredi, kontribyab endividyèl ak biznis yo pral kapab wè li lè yo gade relve enpo yo. IRS pral voye premye ranbousman an kòmanse kounye a jiska janvye 2024. Si yon kontribyab pa resevwa yon ranbousman, yo ka voye yon avi rapèl espesyal ak montan ajou pou li apati kòmansman ane 2024 la. Kontribyab yo ki gen kesyon sou soulajman penalite yo ka kontakte IRS apre 31 mas 2024.

Èd pou kontribyab ki bezwen asistans

IRS raple kontribyab yo ke gen yon kantite opsyon peman ak zouti sou entènèt ki ka ede kontribyab ki gen dèt enpo ki poko peye, kit se yon nouvo bòdwo enpo oswa yon ansyen dèt enpo ki gen lontan pou yon deklarasyon ki pa ranpli (an anglè).

"IRS vle ede kontribyab yo epi bay yo opsyon fasil pou fè fas ak bòdwo enpo ki poko peye epi evite enterè ak penalite adisyonèl," se sa Werfel te di. "Moun k ap resevwa avi sa yo ta dwe sonje gen opsyon moun neglije souvan ki ka ede yo fè yon plan peman otomatik oswa vin ajou nan deklare enpo yo. Fè amelyorasyon adisyonèl nan domèn koleksyon an pral yon eleman enpòtan pou IRS konsantre sou li pi devan pandan n ap kontinye akselere travay transfòmasyon nou an."

Apre finansman ki soti nan Lwa sou Rediksyon Enflasyon an, kounye a li pi fasil pou kontribyab yo jwenn asistans ak bòdwo enpo pa mwayen nouvo zouti oto-asistans, tankou Zouti IRS pou Telechaje Dokiman (an anglè), sèvis telefòn ki amelyore ak fonksyon rapèl ak ajoute sèvis entèlijans atifisyèl (bots) ki ka reponn kesyon senp yo, etabli oswa modifye yon plan peman epi mande yon transkripsyon. IRS ankouraje kontribyab yo tou pou yo gen yon kont IRS sou entènèt, kote yo ka wè enfòmasyon sou yon bòdwo enpo ki poko peye oswa aplike pou yon plan peman anliy.

Y ap rekòmanse avèk avi koleksyon yo an 2024

Nan mwa janvye a, IRS pral kòmanse voye avi ak lèt koleksyon otomatik bay moun ki gen dèt enpo pou ane anvan 2022 yo, ak biznis, òganizasyon enpo egzante, konfyans ak byen yo ki gen dèt enpo pou ane anvan 2023 yo, eksepte sa ki gen dèt pou plizyè ane. Avi ak lèt sa yo te deja kanpe akòz pandemi an ak gwo envantè nan IRS, men yo pral rekòmanse pwogresivman pandan plizyè mwa kap vini yo. Kontribyab endividyèl ane fiskal 2022 ansanm ak kontribyab biznis twazyèm trimès 2023 yo te kòmanse resevwa avi koleksyon otomatik otòn sa a pandan IRS ap pran mezi pou retounen nan biznis kòm dabitid.

Poz nan poste avi koleksyon yo te afekte sèlman suivi pou rapèl yo. IRS pa t sispann poste premye, oswa avi inisyal, pou kontribiyab yo, tankou avi CP14 ak CP161.

Pòz la te vle di kèk kontribyab ki gen ansyen dèt enpo pa t resevwa yon lèt fòmèl oswa yon avi IRS nan plis pase yon ane pandan kèk nan travay ansyen koleksyon sa a te pran yon poz. Pou ede kontribyab yo nan kategori sa a pandan pwosesis nòmal yo rekòmanse, IRS pral ba yo yon lèt rapèl espesyal apati mwa pwochèn.

Lèt rapèl sa a pral avèti kontribyab la sou dèt la epi li pral di yo pou yo kontakte IRS oswa fè lòt aranjman pou rezoud bòdwo a. Pwofesyonèl enpo ak kontribiyab yo pral wè lèt rapèl sa yo nan fòm lèt LT38, Rapèl, Avi Rekòmanse.

Lèt sa a pral raple kontribyab yo sou obligasyon enpo yo, sa ki pral ba yo yon opòtinite pou adrese pwoblèm enpo a anvan yo poste pwochen seri lèt yo. Apre yo fin resevwa rapèl lapòs la, kontribyab sa yo ki gen pwoblèm enpo ki pako rezoud depi lontan ap resevwa pwochen avi a, pou fè yo konnen yon etap ki pi serye nan pwosesis koleksyon enpo a.

IRS ankouraje kontribyab yo pou yo li ak anpil atansyon nenpòt lèt oswa avi yo resevwa anvan yo rele IRS. Gen resous enpòtan ki disponib pou jwenn èd pou dèt enpo sou IRS.gov.

IRS pral bay avi ak lèt sou montan ki dwe yo gradyèlman ane pwochen pou asire kontribyab ki gen kesyon oswa ki bezwen èd yo kapab kontakte yon asistan IRS. Sa pral bay plis tan pou pwofesyonèl enpo k ap ede kontribyab yo.

Men sa kontribyab yo ta dwe konnen sou penalite ak enterè ki posib yo

Kontribyab yo ki dwe enpo men ki pa ranpli alè ka gen pou peye yon penalite si yo pa ranpli. Penalite sa a anjeneral se 5 pousan nan enpo ou dwe a pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa ke deklarasyon enpo a an reta, jiska 25 pousan antou.

Penalite pou fay nan peman an aplike si yon kontribyab pa peye enpo ki rapòte nan deklarasyon fiskal li an nan dat limit la oswa si kontribyab la pa peye kantite lajan yo mande pou parèt nan deklarasyon an nan 21 jou apre li resevwa yon avi ki mande peman (oswa 10 jou ouvrab si montan an plis pase $100 000).

Lalwa egzije IRS pou l chaje enterè lè yo pa peye yon montan enpo alè. Enterè a pa kapab redwi pou koz rezonab. Enterè yo baze sou kantite enpo ou dwe pou chak jou li pa peye nèt. Enterè a kalkile chak jou, kidonk kalkil la fèt sou montan jou anvan an plis enterè a. To enterè yo detèmine chak twa mwa epi yo ka varye selon kalite enpo a; pa egzanp, obligasyon enpo endividyèl oswa biznis. Gen plis enfòmasyon ki disponib nan paj enterè sou IRS.gov.